Description
M soufle 3 kou Kleren sou chak koub ponyèt mwen , yon kou nan mitan poum salouwe Bawon Kriminèl .
Nèg Ogou Balizay ke m ye , gwo zagòt loraj kale nan mitan mwa Septanb.
Sajès ak lanmou se sa m pwone , kotem pwonnen chwal mwen zèb pa pouse.
Mwen se nèg kase wòch ak dife .
Mwen se nèg boukannen kangannen poum fè sonnen de boul grenn mwen kou midi sonnen .
Gen sak relem nèg fè , nèg kanson fè , nèg fere , nèg lagè, konsa gen sak relem Legba , nou mèt banm non nou vle paske yo tout makònen nan mwen.
Se mwen se yo , se mwen Vodou nou pa vle wè a kap toujou nan mitan yo !
Si chat konnen rat konnen barik diri a dwe deplase fwa sa !
#AyiboboVodounVi
#AyiboboLwaYo
#AyiboboGadYo
#Asani
Tagged
Locked Photo
Seems you enter wrong password click here to enter password again.